6 mas 2026
11:00 AM
Zoom
Enskri anba a.
Nan dat 20 Fevriye 2026, Depatman Lojman ak Devlopman Iben nan Etazini (The U.S Department of Housing and Urban Development HUD) te pibliye yon pwopozisyon pou chanjman nan règleman federal yo ki ta refize lojman sibvansyone pa gouvènman federal la bay sèten imigran ki nan fanmi “ki gen sitiyasyon estati imigrasyon yo melanje”.
Mass Union ak alye nou yo pral goumen kont pwopozisyon sa a pou okenn fanmi nan kominote nou an pa oblije chwazi ant pa gen kay pou yo rete ak separasyon fanmi. Vin jwenn nou nan dat 6 Mas a 11 a.m. pou aprann plis epi angaje nou! Nou pral:
· Aprann plis bagay sou pwopozisyon HUD la.
· Aprann kijan nou ka goumen ansanm lè nou soumèt kòmantè bay HUD.
· Resevwa konsèy ak sipò pou ekri yon kòmantè ki gen fòs.
Pwopozisyon an kapab mete 80,000 moun deyò lakay yo. Sa gen ladan prèske 37,000 timoun. Pwopozisyon an prezante tou nouvo egzijans ki pi strik pou TOUT lokatè pwouve sitwayènte yo oswa estati imigrasyon ki kalifye yo.
